logo

Oct 07 2025

Anvlòp Solidarite ak Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl

0.00%
Objektif Nou Se USD: $2,500.00
Bay Piti Pa Chich

Anvlòp Solidarite ak Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl Chak 28 Oktòb, Ayiti ak tout kominote kreyòl yo atravè mond lan selebre Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl.

0.00% Raised
$0.00 donated
0 Donors
10 Days Left
  • Anvlòp Solidarite ak Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl

    Anvlòp Solidarite ak Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl Chak 28 Oktòb, Ayiti ak tout kominote kreyòl yo atravè mond lan selebre Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl. Se yon dat ki pa sèlman senbolik, men ki raple nou fòs, bèlte ak valè eritaj lang manman nou. Pou ane sa a, Kwaaze, yon platfòm rezo sosyal ki kreye pa Ticsolution, ap make okazyon an avèk 2èm edisyon “Konkou Kontni an Kreyòl”. Konkou sa se plis pase yon aktivite — se yon mouvman nasyonal pou defann, fè pwomosyon, epi valorize lang kreyòl la sou rezo sosyal yo. Pou n ka reyisi misyon sa a, epi ofri jèn kreyatè yo bon kondisyon pou patisipe, nou lanse kanpay sa : “Anvlòp Solidarite ak Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl.” Objektif la senp : rasanble tout zanmi, patnè ak dyaspora ki kwè nan lang kreyòl la pou yo mete men ak nou. Kote lajan an ap ale ? Pri ak rekonesans pou gayan yo : 1ye, 2yèm, ak 3yèm plas nan konkou a.Aksè ak entènet pou patisipan yo : pou yo ka poste, fe rechech, epi fè kominote a viv eksperyans nan. Kouvèti medya ak videyo ofisyèl pandan selebrasyon Jounen Lang ak Kilti Kreyòl. Sipò lojistik ak administratif : òganizasyon final la, ekip jije yo, ak dokimantasyon kanpay la.Poukisa kanpay sa enpòtan ?Paske lang kreyòl la se fondasyon idantite pèp Ayisyen.Paske jèn yo bezwen espas pou yo kreye, eksprime tèt yo, e defann kilti yo nan lang pa yo.Paske Kwaaze se yon zouti dijital ki ka fè vwa kreyòl la tande pi lwen, e se travay ansanm ak kominote a k ap pouse l avanse.Paske 28 Oktòb se pa yon dat sèlman, se yon apèl pou aksyon.  Ki jan ou ka ede ?  Sou Anvlòp.online (Online)Avèk 500 HTG, ou sipòte yon jèn kreyatè pandan konkou a.Avèk 1,000 HTG, ou ede nan kouvèti medya ak pwomosyon lang lan.Avèk 5,000 HTG oswa plis, ou tounen Patnè Solidarite Kreyòl la, ak prezans vizib pandan evènman ofisyèl yo sou Kwaaze.

    Sipote Pa MonCash/ Natcash / Zelle/ Paypal Pou moun oswa òganizasyon ki vle kontribye dirèkteman :

    MonCash : +5093811-8234NatCash : +5093373-2101Zelle : 407-936-5853Paypal : hudsondigital30@gmail.com

    Mesaj pou kontribitè yo “Yon ti anvlòp jodi a, se yon gwo jès pou demen. Mete men ak nou pou selebre Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl la, e soutni jenerasyon k ap pale, ekri, ak kreye nan lang manman nou.”  Transparans & RekonesansYon rapò piblik ak videyo remèsiman ap pibliye pandan jounen selebrasyon an.

    Nom Chak kontribitè ap pibliye nan ribrik Gadyen Lang Kreyòl la sou sit ofisyel konkou ak Kwaaze.

       Sit Ofisyel Konkou A: https://konkoukontniankreyol.org/ Platfom Dewoulman Konkou A: https://kwaaze.lol/

admin

Leave A Comment

Anvlop.online©Copyright 2025 Designed by Tic Solution LLC