Chak kanpay sou Anvlòp se yon istwa espwa. Lè ou bay, ou pa sèlman ede yon pwojè grandi — ou pèmèt yon rèv pran fòm, ou chanje yon lavi, ou enspire yon jenerasyon.
Pa gen ti don sou Anvlòp. Chak goud ou bay konte. Se ansanm ak tout ti anvlòp yo nou bati yon Ayiti ki pi fò, kote chak moun gen pouvwa pou sipòte yon lide ki pote lavi.
Lè ou sipòte yon kanpay, ou pa fè sa pou yon moun sèlman — ou fè sa pou tout yon kominote. Chak sipò se yon siy lanmou, konfyans ak responsabilite kolektif.
Anvlòp se yon inisyativ dijital ki fèt pou modènize youn nan pi gwo tradisyon solidarite nan sosyete ayisyèn nan : “anvlòp la”. Nan lekòl, nan legliz, nan gwoup jèn ak nan kominote, chak fwa gen yon pwojè, yon aktivite, oswa yon bezwen ijan, moun yo konn fè yon apèl ak fanmi yo, zanmi yo, oswa vwazen yo pou yo ede. Sa se yon bèl pratik, men li souvan konn limite paske li fèt ak papye, san transparans, epi li difisil pou rasanble moun ki lwen. Nou pote yon chanjman. Anvlòp se premye platfòm dijital ayisyen ki pèmèt tout moun – lakay ak nan dyaspora – kontribye fasil, rapid, ak an sekirite nan pwojè sosyal, edikatif, kiltirèl ak kominotè.