logo

Oct 05 2025

Yon ti anvlop pou 3 Chanpyon “Konkou Kontni An Kreyol” Kwaaze a!

1.50%
Objektif Nou USD: $1,000.00
Sipote ak Yon Anvlop Jodia

2em edisyon "Konkou Kontni An Kreyol" Kwaaze nan patisipe nan sila ki vize ankouraje to 3 kreyate ki pral fe pwomosyon lang kreyol la sou kwaaze pandan yon semenn .

  • Detay sou Kanpay la

    Entwodiksyon

    Nan kad Mwa Kreyòl la, platfòm Kwaaze (www.kwaaze.lol) , yon rezo sosyal ke Ticsolution lanse pou soutni kreyatè kontni ayisyen, ap prepare 2èm edisyon “Konkou Kontni an Kreyòl”.

    Edisyon sa a ap dewoule nan 2 semèn sèlman, epi li vini ak plis patisipan, plis kategori, ak plis kreyativite toujou.

    Konkou sa a se yon mouvman kiltirèl : li vle montre ke kreyòl kapab sèvi kòm lang lanmou, edikasyon, ak teknoloji. Li bay jèn kreyatè yo espas pou yo pale, ekri, kreye, e enspire nan pwòp lang yo sou platfòm Kwaaze.

    Pou nou onore ak rekonpanse 3 chanpyon ki pral soti nan 2èm edisyon sa a, epi pou n mete an valè travay ak pasyon tout patisipan yo, nou lanse kanpay sa : “Yon Ti Anvlòp pou 3 Chanpyon Konkou Kontni an Kreyòl Kwaaze a.”

    Kote lajan an ap ale ?

    Pri pou twa chanpyon yo : kouvri prim (1e, 2e, 3e plas).

    Poukisa kanpay sa enpòtan ?

    Paske lang kreyòl la se fondasyon idantite nou, epi li merite plis espas sou entènèt.Paske Kwaaze, atravè konkou sa, ap bati premye mouvman dijital ki ankouraje kreyasyon 100 % an kreyòl.Paske lè ou bay yon ti anvlòp, ou pa sèlman sipòte yon konkou — ou sipòte yon jenerasyon k ap leve kanpe pou lang ak kilti Ayisyen an.

    Ki jan ou ka ede ?

    Sou Anvlòp.online (Online)

    Avèk 500 HTG, ou ede nan pwomosyon ak kado chanpyon yo.Avèk 1,000 HTG, ou soutni dirèkteman youn nan twa chanpyon yo.Avèk 5,000 HTG oswa plis, ou vin youn nan Patnè Ofisyèl Konkou a, ak vizibilite sou Kwaaze.

    Offline (Deyò platfòm lan)

    Si ou ta pito kontribye deyò sou entènèt :

    MonCash : +5093811-8234Zelle : 407-936-5853Paypal : hudsondigital30@gmail.com

    Mesaj pou kontribitè yo

    “Yon ti anvlòp pou 3 chanpyon, se yon gwo selebrasyon pou lang kreyòl la ! Sipò w ap ede Kwaaze ak Ticsolution kontinye bati espas kote jèn k ap pale kreyòl yo klere sou entènèt.”

    Transparans & Rekonesans

    Tout kontribisyon ap parèt sou tablodbò kanpay la sou www.konkoukontniankreyol.org.Yon rapò piblik ap pibliye apre remiz prim yo.Tout kontribitè ak patnè ap site kòm “Zanmi Lang Kreyòl la” sou Kwaaze.

    Sit Ofisyel Konkou A: www.konkoukontniankreyol.org

    Sit Dewoulman Konkou A: www.kwaaze.lol

admin

Anvlop.online©Copyright 2025 Designed by Tic Solution LLC